AYITI/POLITIK: »JOVNELIS LA SE YON ASOSYASYON MALFEKTÈ », PAWÒL MÈT ANDRÉ MICHEL

Pòt pawòl sektè demokratik e popilè a, mèt André Michel redefini fason pa li Jovenelis la. Daprè ansyen kandida pou pòs senatè a, Jovnelis la se yon asosyasyon malfektè kote mòd operatwa yo repoze esansyèlman sou asasina, koripsyon, kraze enstitisyon epi bay manti._

Sektè demokratik e popilè a fèk siyen yon akò politik ak Ariel Henry, mèt André Michel, pòt pawòl estrikti sa, pa pran lontan pou kritike mo « Jovenelis » la.

« Jovnelis la se pa yon doktrin politik. Se yon òganizasyon malfektè kote mòd operatwa yo repoze esansyèlman sou asasina, koripsyon, kraze enstitisyon ak bay manti.

Anvi manje vyann pap fè pèp ayisyen an manje zandolit », daprè André Michel.

Nap raple, nan jou ki sot pase yo gen yon mouvman politik ki rele « Rassemblement des Jovenelistes pour la Démocratie( RJD) » yon pakèt ansyen patizan ak kolaboratè Jovenel Moïse mete sou pye, pami yo Rénald Luberice, Claude Joseph. Daprè yo, estrikti politik sa gen pou misyon pou perenize ansanm lide ansyen chèf Leta peyi Dayiti a, Jovenel Moïse.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …