AYITI/JISTIS:  DEMISYON MÈT RENORD REGIS ANPIL REYAKSYON KÒMANSE FÈT.

Nan yon kòrespondans ansyen jij enstriktè ki tap enstwi dosye asasinay mèt Monferrier Dorval la, mèt Rénord Régis, voye bay Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè ki gen sig nan lang fransè (CSPJ) fè konnen li remèt demisyon li kòm jij nan aparèy jidisyè a.

Prezidan Asosiyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo ( ANAMAH), jij Jean Morin, fè konnen se ak anpil etonman li aprann demisyon ansyen jij enstriktè Rénord Régis nan aparèy jidisyè a ki se yon gwo pèt pou majistrati ayisyen an. Majistra Jean Wilner Morin, ki kwè demisyon sa vini ak manke mwayen majistra pat gen pou te enstwi dosye asasinay mèt Dorval la ak menas kel t ap resevwa.

Sou bò pali, batonye lòd avoka Miragwàn yo, mèt Saurel Frantz, kwè aparèy jistis la pran yon gwo kou ak demisyon mèt Rénord Régis nan sistèm jistis la. Selon mèt Saurel Frantz, demisyon sa pral ralanti ankèt ki ap mennen sou asasinay ansyen batonye Dorval la.

Nou ap raple, Tribinal premye enstans te dezinye ansyen majistra Rénord Régis kòm jij enstriktè pou enstwi zak asasinay batonye Monferieur Dorval ki te mouri asasinen 28 dawout 2020 lakay li nan Pèleren 5.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …