ADMINISTRASYON PIBLIK, SEKTÈ PRIVE AK LEKÒL AP KANPE TRAVAY 20 SEKTANM 2021, DAPRÈ GOUVÈNMAN AN

Komemorasyon anivèsè nesans Jean Jacques Dessalines, papa nasyon an epou rezon sa, gouvènman ayisyen an nan yon nòt li mete deyò 17 sektanm fè konnen administrasyon piblik, lekòl, endistri ak komès ap kanpe travay pandan jounen 20 septanm 2021 an.

« Daprè arete 17 septanm 2021 an ki deklare jou 20 septanm nan jounen Dessalines nan, sekretè jeneral primati a raple ak gran piblik la, patiklyèman sektè prive, lekòl e laprès administrasyon piblik la, lekòl, komès ak endistri ap kanpe travay lendi 20 septanm 2021 », daprè sa laprimati enfòme gran piblik la.

Daprè laprimati, jounen sa ki pral jounen komemorasyon anivèsè nesans Jean Jacques Dessalines, papa nasyon an, se pral okazyon pou pèp ayisyen, nan yon sans sinifikatif gade kisa lavi ye.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …