AYITI /SOSYETE: ANPIL MOUN NAN DEPATMAN GRANDANS DI PREZIDAN JOVENEL MÈSI.

Malgre bandi sanfwa ni lwa asasinen kò fizik prezidan Jovenel Moïse, men zèv li yo kontinye ap pale se nan sa anpil moun Grandans bat bravo la kontantman pou ansyen lokatè palè nasyonal la pou tout bon travay li fè nan depatman an tankou wout ak elektrisite pou mwen site sa yo sèlman.

Yon lòt kote yo kriye ayibobo, yo menm retire chapo pou yo salye memwa prezidan Jovenel Moïse pou bèl ayewopò entènasyonal sa li te fè nan depatman Grandans lan pilwen grandanslè, grandanslèz yo fè konnen si pat gen ayewopò sa nan depatman an kafè yo tap koule ak ma apre pasaj gwo tranbleman tè ki te pase 14 dawout dènye a.

Se ayewopò sa ki ede nou sove anpil moun ki tap soufri anba gwo doulè, se nan ayewopò sa pou nou gentan kouri al pran yon elikoptè pou kouri rive lopital ak viktim yo deklarasyon kèk moun nan depatman an.

Abitan kap viv nan depatman Grandans lan raple nou se ansyen prezidan Dumassais Estimé ki te fè yon gran travay konsa kote li te reyalize pon grandans lan apre sa se Prezidan Jovenel Moïse ki reyalize yon bagay pou moun Grandans.

Nou menm moun Grandans nap tou pwofite okazyon sa pou nou mande jisti pou prezidan Jovenel Moïse ki asasinen lakay li nan pèlere 5 nan sans sa nap fèw santi atravè zèv ou yo prezidan Jovenel Moïse moun grandans pap janm bliyew.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …