AYITI/ IMIGRASYON: GOUVÈNMAN ARIEL FÈ KONNEN LI PRAL SIPÒTE AYISYEN KI DEPÒTE YO

Premye minis ayisyen an Ariel Henry, anonse gouvènman lap dirije a ap fè tout jefò pou kapab sipòte pakèt ayisyen ki depòte nan peyi Etazini yo.

Nan yon mesaj anrejistre ki pibliye sou paj ofisyèl Laprimati, sou Facebook jounen dimanch 19 Septanm 2021 an. Chèf gouvènman , ki pataje pèn move lavi ayisyen yo ap viv ki te lakoz yo oblije ale chache lavi miyò lòt kote.

Chèf primati a, ki deklare  » se yon obligasyon pou mwen, pou mwen pote tout sipò bay òganizasyon kap travay ak migran sa yo epi mwen pase lòd ak otorite nan peyi a ak lòt bò dlo pou fè yon evalyasyon bay gouvènman an pou kapab ede moun sa yo nan sitiyasyon difisil yo ap viv la ».

Doktè Ariel Henry, mande ak tout ayisyen pou mete tèt ansanm pou tout pitit peyi a kapab viv lakay yo, travay pou kapab reyalize eleksyon pou lapè kapab retounen nan peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …