« KOURIKOULÒM NOUVO SEGONDÈ KA EDE FOMÈ YON JENERASYON KI PI FYÈ KILTI LAKAY », NESMY MANIGAT

_Ansyen minis edikasyon nasyonal la, Nesmy MANIGAT, toujou kontinye ap fè pledwaye pou kourikoulòm nouvo segondè a.  » Mwen toujou kwè kourikoulòm nouvo segondè a ka ede fòme yon jenerasyon ki ap pi fyè kilti lakay epi ka aji pou chanje reyalite bout tè sa ke lekòl Reto-Filo Napoleon, te plis yon baryè sosyal », ekri sou kont fesbouk pwofesè Nesmy Manigat._

Sa gen kèk lane depi kòmanse gen nouvo matyè tankou kreyòl, Syans Latè ak Lavi elèv yo konpoze sou yo nan NS4, bakaloreya. « Jodi a, Kreyòl, Syans lavi ak Latè( SVT) pami nouvo kou nan egzamen bakaloreya » rejui ansyen minis la, ki an menm tan fè konnen « lekòl tradisyonèl te plis fokis sou bay anpil konesans ansiklopedik, pa kè, ki pa gen anpil bagay pou wè ak Ayiti. E se pou sa tou, 90% élèv ayisyen pa t fanm ka rive fini etid segondè yo ».

Daprè mesye Nesmy Manigat, lekòl pa ka rete yon kote y ap seleksyone sèlman yon ti elit, ki pa aprann travay ansanm, pandan majorite a pa gen chans fini ak yon konpetans ki ka itil Ayiti. » Se sa ki responsab anpil nan pwoblèm peyi a jodi a », selon pwofesè a.

Ansyen minis la mete yon mizangad pou sa reyisi tout bon.  » Nou pa dwe kanpe dosye fòmasyon/ sètifikasyon Direktè ak anseyan yo, sitou nan apwòch pa konpetans ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …