AYITI /MENAS : YON ANSYEN MINIS AK YON ANSYEN KOMISÈ GOUVÈNMAN PÒTOPRENS ANTRE NAN KACHE

Nan yon nòt Rasanbleman Jovenelis yo pou demokrasi(RJD) mete deyò yè samdi 19 septanm 2021 an, li esplike ansyen komisè gouvènman pòtoprens lan mèt BED- FORD Claude ak ansyen minis jistis lan mèt Rockefeller VINCENT antre nan kache depi kèk jou akòz anpil menas yo ap sibi anba men premye minis defakto Ariel Henry.

Jovenelis yo kontinye pou di  » depi aprè ansyen chèf pouswit penal la te mande pou ARIEL HENRY vin reponn kesyon lajistis akoz enplikasyon li nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse depi lè sa lap resevwa anpil menas sa lakoz li kite peyi li mete tèt li yon kote pou yo pa wèl ».

Jovenelis yo kontinye pou fè kwè se paske ansyen minis jistis lan te mande chèf polis la pou li ranfòse sekirite komisè gouvènman pòtoprens lan epi,kòmisè gouvènman an bò kote pa li te mande pou chèf primati a vin reponn kesyon lajistis. Desizyon sa yo lakoz revokasyon tou 2 otorite sa yo, yon lòt kote ki kondwi yo antre nan kache akoz gwo menas yo ap sibi.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …