ESPÒ/LIG 1: MESSI PA SELEBRE VIKTWA PSG A FÈ KONT EKIP LYON AN.

Si klèb nan kapital peyi Lafrans la bat ekip Lyon an 2-1 dimanch 19 sektanm 2021 an, se yon fè ki pase nan dènye kadè match la ki fè anpil pale Lafrans ak yon pakèt lòt peyi an Ewop: Mauricio Pochettino retire Messi nan match la li ranplase l pa Achraf Hakimi, yon desizyon ki pa fè sipèsta Ajanten an plezi.

Sou vizaj Messi, li te klèman fè soti siy ki te moutre li pa t kontan chanjman an. San dout, ansyen jwè Katalan an te vle fin jwe match la pou l te ka make premye gòl li nan chanpyona fransè a.

Daprè RMC Sport, sa lakoz Messi pa patisipe nan selebrasyon viktwa ekip parizyen an ak jwè yo ki te rete sou teren an apre match la.

Alòske, Mauricio Pochettino te eseye voye dlo nan sousi pou li te kalme bri sa te gentan ap fè depi avan match la te fini. « Pafwa, dezisyon yo bon e yo pa bon, men se pou sa yon moun antrenè. Sa ka fè plezi ou pa. M mande l kijan l ye, li di m li byen, san pwoblèm », daprè sa li deklare.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …