AYITI/ TRANBLEMAN TÈ : YON JOUNALIS MOURI, 6 LÒT BLESE AK 196 SINISTRE, SELON RAPÒ REZO JOUNALIS NAN SANTE (RJS)

Nan yon rapò ankèt sou pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an, Rezo Jounalis nan Sante (RJS) reyalize nan deptaman Nip, Sid ak Grandans kote yo jwenn plizyè jounalis ki viktim nan tranbleman tè a, daprè sa responsab yo fè konnen.

Sekretè jeneral ak pòt pawòl Rezo Jounalis nan Sante yo (RJS), Odilè Lesperance ak Gladimir Ibrayim, fè konnen yo jwenn yon jounalis mouri nan depatman Sid, 6 blese nan depatman ak 196 jounalis ki sinistre, rapò sa fèt sou 687 jounalis evalye. Pilwen, responsab (RJS),presize sou 57 medya, gen 6 batiman ki kraze ak materyèl 4 medya nan Sid pakab repare.

Nap siyale, tranbleman tè 14 dawout la te touye 2207, 12267 blese ak 320 moun disparèt, daprè chif ofisyèl responsab yo nan pwoteksyon sivil mete disponib aprè pasaj katastwòf tranbleman tè 14 dawout la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …