LEMOND/ JISTIS : ASASEN AFWO-AMERIKEN GEORGES FLOYD LA FÈ APÈL KONT KONDANASYON LI

Ansyen polisye asasen afwo-ameriken Georges Floyd, Derek Chauvin, fè apèl ak kondanasyon li lajistis nan pwononse kont asasinay sou Georges Floyd nan lane 2020, selon dokiman jidisyè ki mete deyò jedi 23 septanm 2021 an.

Ansyen polisye blan Derek Chauvin, atake 14 pwen nan dokiman kondanasyon li an, lajistis « Minnesota » te pwononse 25 jen 2021 an.

Nan vil Mineyapolis, Derek Chauvin, kite gen 44 lane, t ap tante arete afwo- ameriken Georges Floyd 25 me 2021 an paske yo te sispèk li ta bay yon fo biyè 20 dola ameriken nan moman li tap achte sigarèt. Kriminèl Derek Chauvin, ak lòt 3 kòlèg polisye li yo te mete pye sou kou Georges Floyd jiskaske yo te touye li.

Nap siyale, lòt 3 polisye ki enplike nan lanmò Georges Floyd yo ap gen pou jije nan mwa mas 2022, pou konplisite yo nan krim lan.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …