LEMOND/AKSIDAN: TWA  (3) MOUN MOURI NAN PEYI ETAZINI.

Yon gwo aksidan fèt jounen samdi 25 Septanm 2021 an, sou liy tren ki relye Eta Chikago ak « Seattle » kote tren sa kite gen 141 moun ak 16 manm ekipaj tren an, daprè anons konpayi a Amtrak.

Aksidan sa fèt akoz 8 nan 10 wagon tren an te deraye tou prè « Joplin », yon ti lokalite ki pwòch fontyè avèk Kanada, Okenn koz poko revele sou aksidan tren sa a. Kòdonatris sèvis katastwòf ak ijans Montana, Amanda Frickel, ki pale ak jounal « New York Times » li fè konnen, gen pou pi piti 50 moun ki blese epi tout lòt viktim ki vivan yo te rive sòti nan kakas tren an.

N ap siyale, nan yon Twit konsèy nasyonal sekirite transpò (NTSB), ki se yon ajans federal anonse yo deja louvri yon ankèt sou aksidan sa a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …