LEMOND/ ATAK: SÈT (7) KONBATAN « PRO-ANKARA » MOURI NAN PEYI LASIRI

Sèt (7) konbatan gwoup siryen « pro-Ankara » mouri maten dimanch 26 Septanm 2021 an, daprè sa òganizasyon obsèvatwa siryen dwa moun (OSDH), fè konnen sèt (7) konbatan sa yo mouri nan kat frap aviyasyon peyi Larisi fè nan divizyon « Hamza », nan rejyon « Afrine » ki nan pwovens « Alep.

Selon direktè (OSDH) Abdel Rahmane, ki presize peyi Larisi, mennen jounen samdi a pou rive maten dimanch lan 10 frap sou rejyon  » Afrine ». Defansè dwa moun lan kalifye ki ra anpil paske peyi Larisi, se alye rejim siryen an epi peyi Tiki, apiye gwoup rebèl yo ki se de (2) gwo aktè nan konfli ki te dakò siyen yon akò nan lane 2020.

N ap raple, rejyon « Afrine », ki nan pwovens « Alep », fòs peyi Tiki, te rive pran rejyon sa nan mwa mas 2018 kote yo te deloje prensipal milis rejyon « Affine » ki nan rejyon Alep.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …