AYITI /DWA MOUN : DEFANSÈ PLIS MANDE OTORITE POLISYE YO POU MENNEN YON ANKÈT SOU SA KI PASE RAVIN PENTAD LA

Nan yon nòt pou laprès defansè plis mete deyò lendi 27 septanm 2021 an, kote yo aprann avèk anpil doulè lanmò plizyè moun lapolis touye pande 2 gwoup mizikal Asenal gang ak new waye tap Fè yon videyo nan zòn ravin pentad nan lannuit 21 septanm 2021 an.

Selon sa òganizasyon kap defann dwa moun yo defansè plis se nan yon konferans pou laprès enstitisyon polis nasyonal (PNH) la fè mèkredi 22 septanm 2021 an, pòt pawòl polis la fè konnen se moun zòn lan ki te rele lapolis ki enfòme yo, yo tande anpil tire nan zòn ravin pentad se sa ki koz lapolis te entèvni nan zòn lan.

Anrevanch, abitan kap viv nan zòn ravin pentad la di daprè defansè plis fè, abitan yo esplike yo pat tande zam kap tire se kamera, pwojektè ak fo zam yo te wè nan men atis yo rezon ki fè timesye sa te pote fo zam yo se paske videyo yo tap fè a li reflete reyalite nap viv la.

Yon lòt kote, defansè plis yo mande ak otorite peyi a espesyalman ak enspeksyon général polis nasyonal Dayiti a (IGPNH) pou mennen yon ankèt prese prese pou limyè fèt sou dosye ravin pentad lan.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …