Gwo tansyon jounen madi 28 septanm 2021 an, nan pèleren 2, komin Petyon Vil kawoutyou ap boule, wout bare se konsa sitiyasyon an prezante.
Yon mouvman ki vini aprè, sitwayen k ap viv nan zòn lan, deside bloke wout la pou kapab mande ak Leta pou pase men nan galèt Pèleren an chak fwa lapli tonbe dlo a toujou desann epi ale ak machandiz, epi lòt madiklenklen yo .
Abitan sa yo fè konnen, wout la ap toujou rete bloke jiskaske Leta tande revandikasyon yo.
Marie Wanide Nencha Vernois