AYITI/FIGI LARI A: MEN KIJAN PÒTOPRENS LEVE POU MATEN MADI 28 SEPTANM 2021 AN.

Pou jounen madi 28 septanm 2021 an, Pòtoprens leve nan yon gwo blakawout ak anpil dlo labou fatra nan plizyè zòn tankou Dèlma, lali, Bwavèna, Kwadèboukè, wout awopò, Taba poun site sa yo.

Sityasyon an nòmal si yon moun ap soti « Petion ville » pou rive avyasyon men wap jwenn anpi fatra sou wout la sitou nan kafou awopò ki genyon gwo dlo, li nòmal tou si yon moun ap pase pa kanapevè men pridan ak mòn nan. (4h:16)

Sityasyon an mangonmen an nan zòn Granri ak dlo fatra men gen machin ki kòmanse parèt tèt yo, nan zòn pòtay se menm kad figi a anpil labou kèk machin kap soti epi antre nan sid peyi a pandan youn ap kominike ak lòt pou yo konnen kijan sa ye. (4h:16)

Nan zòn Kwadèboukè sikilasyon an parèt timid poko gen twòp machin ni moun nan lari a men genyon dlo pandan ou pral jwenn kalvè a ki genyon antèn lapolis (4h:22 Am) epi blakawout tèt chaje.

Nan zòn Dwouya pou ale Bon repo ak kèk lòt kote nan nò peyi a, se gwo blakawout sikilasyon an poko fèt apa youn de machin prive ke nou rankontre, wout la pa bon nan nivo lèw pral pran epi kite meri site solèy, li pa bon kazo devan sou komisarya a anpil dlo, fatra. Zòn Fleryo, bò Rita bò DCPJ, gen anpil dlo. (4h00).

Zòn wout frè sikilasyon an ap fèt men pa gen anpil machin, ti machann yo kòmanse pran lari a pou al chache lamanjay ak anpil difikilte fatra. (5h03).

Kriswa, Nazon, wout awopò nòmal apa kèk kote wap jwenn ti dlo ak fatra.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …