AYITI/ EDIKASYON: 50 ANSEYAN RESEVWA LÈT NOMINASYON YO NAN DEPATMAN NIP

Nan yon seremoni ki reyalize jounen lendi 27 septanm 2021 an, nan direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl Nip, 50 anseyan ki te gen plizyè ane potko nonmen resevwa lèt yo.

Nan entèvansyon li, direktè depatmantal Nip ministè edikasyon an Odel Joseph, ki montre kè kontan li pou 50 nouvo anseyan ki nonmen nan sistèm edikasyon an nan depatman Nip. Direktè Joseph, presize nan 50 lèt sa yo gen 30 ladan yo ki tou vini ak chèk yo pou kapab pèmèt anseyan sa yo pral kapab rantre nan ane akademik 2021-2022 a ak kè kontan.

Pou fini, direktè Odel Joseph, ki fè konnen ministè a ap travay pou kapab ede paran yo voye timoun yo lekòl 4 oktòb 2021 an nan depatman Nip ki ate viktim nan katastwòf tranbleman tè 14 dawout la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …