LEMOND/ESTA/JISTIS: KRIM SEKSYÈL SOU MINÈ, R. KELLY JIJE KOUPAB

Chantè ameriken an, R. Kelly jije koupab pou krim seksyèl sou timoun nan peyi Etazini jounen lendi 27 septanm 2021. Chantè R&B a gen posibilite pou pase swa 10 lane nan prizon osnon tout rès lavi l, daprè medya ameriken yo.

R.Kelly, enteprèt « I believe I Can Fly » jije koupab devan yon tribinal nan New York pou trafik seksyèl nan yon pwosè ki te dire sis semèn.

R. Kelly, bon non l se Robert Sylvester Kelly pa rive konvenk jiri ki te gen ladann sèt (7) gason ak senk (5) fanm sou inosans li. Chantè ameriken 54 lane a gen posibilite pou pase swa 10 lane nan prizon osnon tout rès lavi l.

Akizasyon kont R. Kelly yo chita sou baz yon pakèt agiman ki kwè antouraj li te konn bal bourad nan rankontre, sedui epi sekestre jenn fanm epi obljie medam yo sa yo pou yo fè silans, nan sans pou yo pa denonse li. Plizyè akizatris temwanye e fè kwè chantè a te konn fè yo sibi yon pakèt kapris pèvè e sadik lè yo te minè.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …