AYITI/ASASINA: ARIEL HENRY GEN ENTANSYON POU LI LAGE KOLONBYEN YO KI AKIZE NAN ASASINA JOVENEL MOÏSE LA

Nan yon entèvyou CNN pibliye jounen madi 28 sektanm nan, premye minis defakto an, doktè Ariel Henry fè konnen li pral mande minis jistis la pou fè suivi nesesè, yon fason pou kapab libere si posib, tout moun ki inosan yo.

« Nou pa vle kenbe moun yo nan prizon sèlman paske yo se Kolonbyen oubyen paske nou pran yo pou asasen, oubyen yo pa asasen », deklare chèf primati nan medya ameriken CNN, LVS rapòte.

Gen anviwon 20 kolonbyen ki te pran kòd nan kad asasinay Jovenel Moïse la. E jiskaprezan, gen yon pakèt prezime asasen nan dosye sa Lapolis Nasyonal Dayiti ap chache tankou Joseph Badio Félix, ansyen senatè lwès John Joël Joseph.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …