AYITI/ POLITIK : PREMYE MINIS DEFAKTO ARIEL HENRY FÈ KONNEN LI PÈ POU SEKIRITE L

_Minis Defakto a, Ariel Henry, nan yon interview li bay CNN fè konnen li pè pou pwòp sekirite l._

Ayiti ap konnen youn nan moman ki pi tris nan istwa li kòm nasyon ak koze ensekirite a kote menm yon prezidan larepiblik mouri asasinen nan kabann lakay li. Parapò ak sa, premye minis defakto a, Ariel Henry, gen gwo laperèz.  » Wi. Mwen enkyè paske Jovenel Moïse mouri sou kabann lakay li paske l te prezidan Ayiti », deklare chèf primati a.

Sepandan, pou sa ki gen pou wè ak etranje Lapolis Nasyonal Dayiti arete nan kad dosye lanmò Jovenel Moïse la, premye minis Ariel Henry gen entansyon pou mande jistis ak sekirite piblik la pou libere yo si yo inosan.

Ansyen Chèf Leta peyi Dayiti a, Jovenel Moïse, te mouri asasinen lakay li nan pèleren 5 nan dat 7 jiyè 2021.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …