LEMOND/ENTANPERI: SIS (6) MOUN MOURI NAN PEYI TAYLAND

Yon gwo tanpèt frape lendi pou louvri madi 28 Septanm 2021 an, lakoz sis (6) moun mouri nan yon gwo inondasyon nan peyi Tayland , selon premye enfòmasyon otorite yo kominike sou pasaj tanpèt la.

Tanpèt sa a ki inonde 30 pwovens, nan peyi Tayland lakoz sis (6) moun mouri ak plizyè dizèn milye fanmi sinistre, daprè responsab depatman taylandè prevansyon kont katastwòf, fè konnen flèv « Chao Phraya », gen yon longè 400 kilomèt deja koumanse ranvèse sa ki oblije otorite lanse alèt vijilans pou evite yon gwo kawo nan peyi Tayland.

N ap siyale, nan lane 2011 aprè yon gwo tanpèt kite frape peyi Tayland, te lakoz pou pi piti 500 moun mouri epi plizyè milye fanmi te sinistre ak plizyè kay ki pat gen elektrisite.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …