AYITI/DWA MOUN :MINISTÈ FANM DENONSE ZAK VYOLANS KAP FÈT SOU FANM AK TIFI YO

Nan Yon nòt pou la près jounen jeudi 30 septanm 2021 an, ministè kondisyon fanm ak dwa fanm ki gen sig nan lang fransè (MCFDF), denonse move tretman fanm ak tifi ap sibi nan peyi a.

Ministè a, egzije otorite nan lapolis ak lajistis pou fè tout sa ki depan de yo pou frennen zak ensekrité a, fenomèn kidnapin ak tout malfra kap simen latwoublay ak dèy nan mitan popilasyon an.

Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm yo (MCFDF), ki raple fanm yo ak gason yo gen menm dwa, kote dwa fanm yo dwe respekte menm jan ak gason yo epi jwi menm privilèj. « aba vyolans sou fanm ak tifi,dwa fanm yo dwe respekte », daprè ministè kondisyon fanm ak dwa fanm.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …