AYITI/ POLITIK :  » MWEN TWONPEM DE YON BANN LIDÈ NAN OPOZISYON AN KI AL JWENN ARIEL HENRY », DEKLARASYON ANSYEN VIS DELEGE FRANKLIN LAFLEUR

Nan yon entèvyou ansyen vis delege awondisman Miragwàn lan, Franklin Lafleur, bay ak Echo Jounal, sou sitiyasyon kriz sosyo politik la nan peyi a montre li trè kritik parapò ak plizyè manm opozisyon an ki al jwenn premye minis ayisyen an Ariel Henry.

 » Mwen twonpem anpil de yon bann lidè nan opozisyon an ki al jwenn Ariel Henry », se sa ansyen vis delege awondisman sou gouvènay prezidan pwovizwa Jocelerme Privert a, Franklin Lafleur, deklare. Manm pati politik Fanmi Lavalas la, ki raple gen yon bann lidè politik, militan politik kite toujou nan lari a fas rejim PHTK kounye a ki vin alye kote popilasyon vin wè yo pat nan enterè yo vre.

Franklin Lafleur, ki rete kwè akò 11 septanm 2021 an ant premye minis Ariel Henry ak kèk pati politik ki pote non  » gouvènans apeze ak efikas » la, gen yon limit ki se nan lane 2022, si eleksyon pa fèt anpil manm siyatè akò a pral pete lòbèy.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …