AYITI/KOVID-19 : CHÈF SÈVIS IJANS NAN LOPITAL INIVÈSITÈ JISYINYEN OKAP AYISYEN MOURI

_Sektè medikal ayisyen an an dèy. Doktè Valéry Guichard, medsen jeneralis e ki se chèf sèvis ijans nan Lopital Inivèsitè Jistinyen nan Okap ayisyen mouri 27 septanm 2021 an nan lopital Inivèsite Mibalè kote li te etène apre li te fin trape maladi kowona viris la, daprè le nouvelliste_

Medsen jeneralis la, doktè Valéry Guichard, te twouve l Mibalè senk jou avan li te teste pozitif nan Kovid-19 la pou l te swanye paske li te soufri dyabèt e li te fè tansyon.

Sentom kowona viris yo kòmanse manifeste senk jou avan li etène a. » Yon ti gòj grate avèk yon ti touse », rapòte nouvelliste.

Li rete nan lopital Mibalè apre l fin pozitif nan Kovid-19 la, daprè sa direktè egzektif lopital Inivèsitè Jistinyen an, Geto Dubé, fè konnen nan jounal le nouvelliste.

Medsen jeneralis la pa t moutre okenn siy eta sante l ta pral agrave nan moman li te etène nan lopital Inivèsite Mibalè a. » Li te mache e li te kòmanse fè mye. To satirasyon li nan oksijèn te 96% epi eta sante li rete li dejenere », esplike yon pwòch ak kotidyen le nouvelliste.

Medsen jeneralis e chèf sèvis ijans nan lopital Inivèsite jistinyen, doktè Valéry Guichard te vin sou latè nan lane 24 oktòb 1961 nan vil Kap ayisyen.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …