LAFRANS/AFÈ BIGMALYON: NICOLAS SARKOZY KONDANE POU L PASE YON LANE NAN PRIZON

_Tribinal koreksyonèl nan vil Pari kondane ansyen prezidan peyi Lafrans la, Nicolas Sarkozy, jounen jedi 30 sektanm 2021 an pou l pase yon lane fèm nan prizon pou finansman ilegal kanpay li nan lane 2012 nan kad afè Bigmalyon an._

Tribinal koreksyonèl la presize pèn Nicolas Sarkozy ap amenaje. Avoka ansyen chèf Leta fransè a fè konnen li prale fè apèl. Alòske, 13 koprevni Sarkozy yo, bò kote pa yo, kondane pou pase ant de lane ak twa lane edmi nan prizon avèk posibilite « sursis ».

Nicolas Sarkozy, bò kote pa l, pa t prezan nan odyans lan jounen jedi a. Nan mwa mas ki sot pase a, ansyen prezidan fransè (2007-2012) te vin premye prezidan fransè ki kondane nan prizon pou te pase 3 lane pami yo youn fèm pou koripsyon e trafik enfliyans nan yon afè « ekout ». Li te fè apèl.

Daprè Pakè a, pandan kanpay Nicolas Sarkozy nan lane 2012, ansyen chèf Leta a te kite yon pakèt depans fèt nan fè chak meeting chak jou san li pa t pote atansyon ak yo, rapòte yon medya fransè, RFI.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …