AYITI/ DIPLOMASI:  » NOU PA VIN NAN PEYI AYITI POU VIN ENPOZE AK VIN FÈ PRESYON POU REZOUD KRIZ LA », DEKLARASYON DE (2) EMISÈ AMERIKEN NAN JOUNAL  » MIAMI HERALD »

Sekretè an aprè pou zafè emisfè oksidantal Brian A. Nichols ak direktè prensipal konsèy sekirite nasyonal pou emisè oksidantal la Juan Conzales, ki rantre nan peyi a jounen 30 septanm 2021 an, pou evalye nivo kriz ki ap brase bil peyi a depi byen lontan.

Nan yon entèvyou Brian A. Nichols ak Juan Conzales te bay ak jounal ameriken  » Miami Herald », avan yo kite peyi Etazini deklare » nou pap vini ayiti pou vin enpoze yon solisyon, ni pou vin fè presyon pou gen eleksyon laba pito vin ede dirijan ak lidè politik yo jwenn yon solisyon ak kriz k ap brase bil peyi Ayiti ».

De (2) diplomat yo, fè konnen pandan vizit yo nan peyi ap gen pou chita pale ak manm nan sosyete sivil Ayiti a ki vpe yon tranzisyon pi long, manm nan kominote entènasyonal la, dirijan ayisyen yo pami yo premye minis Ariel Henry epi minis zafè etranje peyi Ayiti a Claude Joseph.

Jounal ameriken an « Miami Herald », ki raple prezidan dominiken an Luis Abinader ki deja tanmen yon pledwaye bò kote kominote entènasyonal la pou pran an men k ap brase bil peyi a, ki reprezante yon menas pou peyi Sendomeng, selon prezidan Luis Abinader.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …