De (2) emisè ameriken yo, Brian A. Nichols ak Juan Conzales, rankontre ak premye minis ayisyen doktè Ariel Henry sou kriz k ap brase bil peyi a, daprè sa premye minis lan pibliye sou kont twitè li.
» mwen te gen yon bèl rankont avèk delegasyon amerikèn e nou diskite sou sitiyasyon jeneral peyi a, akò politik, sekirite, retou ak lòd konstitisyonèl ak dyalòg ant ayisyen ak ayisyen. Pèson pap deyò nan pwosesis la. »
N ap siyale, selon sa emisè yo te gen nan plan yo se te rankontre ak chèf gouvènman an, minis zafè etranjè Claude Joseph, sosyete sivil la ak dirijan politik yo.
Dieuva Occidor