LEMONN/RELIJYON: FRANSÈ YO PA TWÒ KWÈ NAN BONDYE ANKÒ

_Yon bon pati nan popilasyon fransè a fè konnen yo pa kwè nan Bondye ankò. Daprè yon sondaj IFOP reyalize, 51% moun ki pale yo fè konnen yo pa kwè nan Bondye. Nivo kwayans moun yo nan yon »être suprême » diminye yo paske nan lane 2021 li te sèlman 43% ki pa t kwè nan Bondye._

Fransè yo kòmanse ap pran distans yo seryezman avèk koze relijyon an. Pou premye fwa, daprè yon sondaj enstiti IFOP reyalize, gen 51% fransè ki di klèman yo pa kwè nan Bondye.

Enfòmasyon sa se rezilta yon ankèt enstiti IFOP fè an liy soti 24 pou rive 25 dawout ki sot pase a kote yo kesyone anviwon 1018 moun.

Toutfwa, pami tout moun yo IFOP pale ak yo a sèlman 38% nan yo ki fè konnen yo konn pale de Bondye nan fanmi yo ak pitit yo, jounal Le monde.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …