ESPÒ/LIGA : LUIS SUAREZ PRAN REVANJ LI SOU KOEMAN

_Match chòk nan chanpyona espanyòl la jounen samdi 2 oktòb 2021 an se te Atlelico Madrid ki t ap resevwa foutbòl klèb Barcelone. (2-0) gras ak yon bon match Luis Suarez, ansyen jwè klèb Katalan an, pèmèt poulen Diego Siméone yo mete do ansyen koyekipye Léo Messi yo atè. Luis Suarez, atakan Irigweyen an pwofite pran revanj li sou antrenè Katalan ki pa t trete l ak respè lè l te vin pran tèt ekip la._

Match revanj pou Luis Suarez e ki antre Barcelone pi fon nan kriz rezilta li ap travèse sa gen plizyè semèn. Nan sis dènye rankont klèb Katalan an jwe yo, li genyen sèlman youn.

Gras ak yon gòl e yon pas desizif, Luis Suarez pèmèt Atlelico Madrid bat Barcelone. Sepandan, nan lane 2020, Ronald Koeman te rele atakan Irigweyen an pou te di l li pa konte sou li nan efektif li a.

Yon lane apre, Suarez bitè fas ak yon Barcelone ki gen Koeman sou ban an. Ansyen jwè klèb Katalan an selebre kòl la yon fason pou l chanbre antrenè Barcelone nan. Match revanj pou Luis

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …