LEMOND/ JISTIS :  » MOUN YO PA TWONPE DE ANYEN », DEKLARASYON ANSYEN PREZIDAN NICOLAS SARKOZY NAN VIL PARI

Ansyen prezidan fransè Nicolas Sarkozy,  kondane 30 septanm 2021 an pou pase yon lane nan prizon sou kontwòl elektwonik, nan lang fransè  » prison ferme », aprè lajistis fransè te fin dekouvri li te resevwa lajan dèyè do lalwa pou finanse kanpay li nan zafè  » Bygmalion » an, fè premye deklarasyon l jounen samdi de (2) oktòb 2021 an.

« Moun yo pa twonpe yo », deklarasyon ansyen prezidan Nicolas Sarkozy nan moman li t ap fè dedikas nouvo liv li a nan yon libreri ki nan sèzyèm (16 e) awondisman vil Pari, kote pou pi piti 200 moun t ap rete tann ansyen chèf Leta fransè Nicolas Sarkozy, ajoute pou l di :  » mwen wè mesaj nou yo, ki gen anpil emosyon pandanl e nou edem rasire lespri mwen, nou montrem nou konprann lè nou pa twonpe n de sa ».

N ap fè remake, nan yon mesaj ansyen prezidan fransè Nicolas Sarkozy, te pibliye sou rezo sosyal yo te denonse enjistis nan kad kondanasyon yo pwononse sou li jounen 30 septanm 2021 an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …