FOUTBÒL/LANMÒ : BERNARD TAPIE, YON ANSYEN PREZIDAN MASÈY MOURI

Ansyen prezidan mitik klèb Masèy la, Bernard Tapie, mouri jounen dimanch 3 oktòb 2021 ak 78 lane sou tèt li, daprè yon kominike fanmi l li mete deyò. Bernard Tapie t ap soufri ak yon kansè nan lestoma l depi nan lane 2007.

Eta sante l te plis agrave dènye semèn sa yo. Alòske depi nan lane 2007 l ap goumen ak yon kansè, Bernard Tapie, ansyen prezidan Masèy pa t ka reziste ankò, li rann dènye souf li jounen dimanch 3 oktòb 2021 an.

« Dominique Tapie ak pitit li yo gen anpil lapèn pou anonse lanmò mari l e papa timoun yo, Bernard Tapie, dimanch 3 oktòb 2021 an akoz kansè », ekri nan kominike a.  » Li mouri trankilman pandan l te antoure ak madanm li , pitit li ak pitit pitit li e yon frè l ki te la bò kote l », kontinye kominike a.

« Bernard Tapie, avan l mouri te swete pou l antere Masèy, vil kè l, » daprè sa medya fè konnen.

Pandan lavi Bernard Tapie, li te reyalize yon pakèt eksplwa. Li te pase vi l ap tante, ap goumen ak lavi. Li te ansyen dirijan Olenmpik Masèy; Ansyen mèt Adidas ak Olenmpik Masèy ; Depite Bouchdiron; Depite Ewopeyen; Patwon medya gwoup ; Ansyen animatè, aktè ak chantè.

Bernard Tapie make epòk li a ak reyisit li yo alòske ansyen dirijan Olenmpik Masèy la te soti ba. Nan lane 2016 richès li te evalye a 150 milyon ewo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …