_Entènasyonal fransè a, Kylian Mbappé soti nan silans la nan lide pou klarifye kèk pawòl ki te di ki pa te laverite nan moman laprès espòtiv nan monn lan t ap anonse l nan ekip Real Madrid la. » M te mande pou m kite ekip la paske imedyatman m pa t vle pwolonje, m te vle klèb la jwenn yon endamnite transfè pou l te ka jwenn yon bon ranplasan », deklare atakan PSG a, Kylian Mbappé._
Mbappé demanti enfòmasyon ki te fè kwè se nan mwa dawout la li te vle kite ekip la. » M te di m te vle kite ekip la depi fen jiyè. »
Parapò ak lide li te genyen pou l kite klèb kapital fransè a, Kylian Mbappé fè konnen li te vle tout moun byen soti sizanka li te ale, kote gen yon bon « deal » ki fèt, tout moun soti men nan men.
« Yo te di m refize sis ou sèt pwolongasyon, yo di m pa t vle ak Leonardo tout sa yo se te manti », pawòl atakan vedèt klèb kapital fransè a, PSG.
Jackson junior Rinvil