AYITI /JISTIS: ANSYEN PREZIDAN MARTELLY KONTINYE AP REKLAME JISTIS POU JOVENEL MOÏSE

Nan yon twit maten Jedi sèt (7) oktòb 2021an, ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, kontinye ap reklame jistis pou defen prezidan Jovenel Moïse ki te asasinen Lakay li nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) Jiyè 2021 an nan Pèleren senk (5).

Ansyen prezidan manm Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK), Michel Martelly, ekri sou kont Twitè li n ap site :
« Bondye ap fèw jwenn jistis, jistis pou Jovenel. Depi lè mw te chwaziw te gen pale anpil , yo pat kontan, yo atakew jis yo rive touyew andedan Lakay ou. Bondye ap fèw jwenn jistis ou ». Ansyen prezidan Martelly ajoute nan twit la, sèt (7) oktòb 2021, fè twa (3) mwa depi nap mande jistis pou Jovenel nou pa dwe kite asasen Jovenel Moïse yo chape anba men lajistis.

Nap raple, Ansyen senatè Sid Jean Grabriel Fortuné, te deklare nan laprès se parenn Jovenel Moïse Ki livrel.

 

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …