LEMONN/REZO SOSYO: YOUTUBE EFASE CHÈN OFISYÈL R.KELLY YO

_Platfòm YouTube efase chèn ofisyèl atis ameriken R. Kelly ki jije koupab pou krim seksyèl, notamman sou timoun nan fen mwa septanm nan._

Esta R&B ameriken an kontinye ap konnen youn nan pi vye moman nan lavi li. Aprè li fin jije koupab pou krim seksyèl sou timoun, li pèdi 2 chèn ofisyèl YouTube li yo.

« Nou ka konfime nou efase de chèn YouTube ki pou gen pou wè ak R. Kelly jan règ nou yo sou responsabilite kreyatè yo pèmèt sa », pawòl yon pòt pawòl platfòm nan AFP te kontakte.

Entèprèt « I believe I Can Fly », R. Kelly, 54 lane, jije koupab pou krim seksyèl sou timoun nan yon tribinal nan New York. Yo akize atis la li pase yon pakèt lane ap dirije yon « sistèm eksplwatasyon » seksyèl sou jenn fanm, patiklyèman ti fi. An detansyon pwovizwa, kondanasyon pou yon pèn prizon ap rann piblik 4 me 2022. E gen posibilite pou atis la pase tout rès lavi l nan prizon.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …