AYITI/JISTIS : CLAUDE JOSEPH FELISTE MARTINE MOÏSE KI REPONN KESYON LAJISTIS

_Minis zafè etranje a, Claude Joseph, feliste ansyen premye dam repiblik la, Martine Moïse ki t al reponn kesyon jij enstitisyon Gary Orelien nan kad ankèt sou asasina Jovenel Moïse jounen mèkredi 6 oktòb 2021 an nan pakè Pòtoprens._

Martine Moïse, premye privilejye nan dosye lanmò Jovenel Moïse la te reponn kesyon lajistis.  » M feliste premye dam repiblik la, Martine Moïse, nan elan sitwayen li paske li reponn ak envitasyon jij enstriksyon an.

Ansyen premye minis sou administrasyon Jovenel Moïse la, Claude Joseph, fè konnen pa gen demi mezi, pèsòn pa sou tèt lalwa.

Ansyen Chèf Leta peyi a, Jovenel Moïse te asasinen lakay li nan pèleren 5 nan dat 7 jiyè 2021. Daprè Lapolis Nasyonal Dayiti se te yon kòmando ame ki te etenn souf ansyen patwon agritans lan.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …