AYITI/ JISTIS:  » PM ARIEL HENRY REPREZANTE YON GWO BARYÈ NAN ANKÈT ASASINA JOVENEL MOÏSE », DAPRÈ OPC

Nan yon rankont ak laprès jounen sis (6) oktòb 2021 an, pwotektè sitwayen ak sitwayèn lan mèt Renand Edouvil, montre gwo enkyetid ak dout li gen lakay li pou ta kapab abouti ak ankèt sou asasinay defen prezidan Jovenel Moïse.

Mèt Renand Edouvil, montre enkyetid sa vini parapò ak prezans premye minis ayisyen an doktè Ariel Henry ki gen gwo bri sou dol kòm kwa li ta enplike nan asasinay ansyen chèf Leta, aprè konpayi telefòn « Digicel » te fin konfime li te pale nan telefòn ak prezime asasen Jovenel Moïse la Joseph Felix Badio. Pwotektè sitwayen an, mèt Edouvil, renouvle demand li bò kote kominote entènasyonal la pou ta mete sou pye yon komisyon pou chache laverite sou krim ki fèt sou defen Jovenel Moïse la.

N ap siyale, nan kad ankèt k ap mennen sou asasinay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moise, madanm li Martine Moïse reponn kesyon jij enstriktè Gary Orelien jounen sis (6) oktòb 2021 an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …