Jounalis Ris Dmitri Mouratov e Filipin nan Maria Ressa ranpòte Pri Nobèl Lapè 2021 an « pou batay yo mennen pou libète lapawòl ». Se pou premye fwa gen yon Pri Nobèl ki bay pou libète lapawòl.
Dmitri Mouratov, youn nan fondatè e redaktè an chèf jounal Novaïa Gazeta plis fè piblikasyon sou « koripsyon, vyolans Lapolis, arestayon ilegal ak fwod elektoral ». E jisteman, chwa sa a li fè a li peye l chè, daprè komite a : li pèdi sis (6) nan jounalis li yo e pami yo, Anna Politkovskaïa ki te mouri asasinen sa gen 15 lane.
Dmitri Mouratov fè konnen li dedye pri li a ak jounal la e ak tout kòlèg li yo ki te mouri asasinen pou travay yo e ankèt yo. « Se pa merit pèsonèl mwen. Se merit Novaïa Gazeta e li se merit tout moun ki t ap defann libète lapawòl », daprè sa l di.
Maria Ressa, bò kote pa l, 58 lane, se youn nan moun ki mete sou pye platfòm nimerik jounal envestigasyon an 2012 ki mete pwojektè sou « kanpay anti dwòg kontwovèse rejim prezidan Filipen Rodriguo Duerte ki lakoz anpil moun mouri », daprè sa komite a rapòte. » Yon monn san fè siyifi yon monn san verite e san konfyans », deklare madam Marie Ressa, lenmi piblik pouvwa Filipen an.
Jackson junior Rinvil
kredi foto: L’Echo