AYITI/IMIGRAN:  » MIGRAN AYISYEN KI RANTRE NAN PEYI ETAZINI YO KA GEN SIDA », PAWÒL DONALD TRUMP

Ansyen prezidan ameriken an, Donald Trump, fè yon soti rasis sou migran ayisyen yo otorite ki te rantre sou teritwa ameriken an. Nan yon echanj li te genyen ak animatè Fox News la, Sean Hannity jedi 7 oktòb 2021 nan aswè a, Donald Trump fè konnen « migran ayisyen ki rantre Etazini yo ka gen sida ».

Donald Trump retounen ak pawòl rasis li yo kont Ayiti ankò, e fwa sa se ak migran ayisyen yo li adrese l. » Gen yon pakèt moun ki soti Ayiti pou rantre nan peyi nou. Ann gade sa ki ap pase an Ayiti ak pwoblèm sida a. Anpil nan moun sa yo ka gen sida e yo ap rantre nan peyi nou, se tankou nou te gen anvi pou n mouri. Se mache kontre lanmò », deklare Trump.

Daprè enfòmasyon yo, sa Donald Trump di yo pa laverite. To prevalans VIH la kay moun ki ap viv an Ayiti yo li 1.9% e anplis, pandan 5 dènye lane sa yo, to prevalans la bese anpil.

Donald Trump, « rasis konsyan », detanzantan li gen mòd diskou sa yo sou Ayiti. Nan lane 2018, pandan li te prezidan peyi Etazini, Trump te itilize vye mo pou li te kalifye Ayiti.

Daprè anpil moun, si Ayiti nan sityasyon sosyo-ekonomik ak politik difisil li ye a se paske ameriken yo, depi avan 1915 toujou ap pote boure nan lavi politik peyi Dayiti.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …