LEMOND /ATAK: POU PI PITI 50 MOUN MOURI AK 140 LÒT BLESE NAN YON ATANTA NAN PEYI AFGANISTAN

Nan yon atanta jounen vandredi 8 oktòb 2021 an, nan yon Moske nan « Kunduz » ki nan Nòdès peyi a. Lakoz 55 moun mouri ak 140 lòt blese, selon responsab Matiulllah Rohani, kise responsab rejyonal gouvènman kilti ak enfòmasyon, daprè li se yon atanta swisid ki fèt nan katye « Khan Abab banda ».

Gwoup « Daesh » yo ki revandike atanta sa sou yon chèn Telegram. Selon gwoup « djihadiste »yo, kamikaz sila te rele  » Mohammed le Ouïghour », ki te fè kwè li te fè pati minorite gwoup mizilman chinwa.

 » te gen 300, 400 moun ki te anndan moske a, nan moman mwen ap rantre nan moske a konsa gwo eskplozyon fèt », deklarasyon youn nan fidèl moske sa a, ki akize li menm tou gwoup « Daesh » ki ap mache simen dezagreman lanmò nan peyi Afganistan.

N ap fè remake, nan yon atak dimanch pase a nan kapital peyi Afganistan, Kaboul gwoup « Daesh » yo te deja touye 5 moun nan yon atanta.

 

Dieuva Occidor

KREDI FOTO: AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …