AYITI/KILTI: MINISTE LAKILTI AK KOMINIKASYON LANSE MWA LANG KREYÒL

Minis kominikasyon ak kilti a, Emmanuel Jacquet nan tèt kole ak akademi kreyòl ayisyen an lanse selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl anba tèm: » Lang kreyòl tout kote, san fòs kote ».

Nan okazyon lansman selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl e ki marande ak jounen entansyonal lang kreyòl, minis Emmanuel Jacquet te voye yon gwo kout chapo bay akademisyen ayisyen yo ki, daprè sa li di,  » pa janm sispann travay pou bay lang kreyòl la dimansyon li merite (…) menm lè yo pa jwenn mwayen pou sa , menm lè se ak bout zong yo y ap travay ».

Mesye Emmanuel Jacquet, nan diskou li, te pwofite okazyon an pou raple kisa ki te lakoz lang kreyòl la pran jarèt. » Lang kreyòl nou pale a se rezilta yon pakèt batay nou mennen pou konstwi yon zouti kominikasyon ant nou menm esklav nan tan lakoloni », raple minis la. » Zouti sa te pèmèt nou konprann youn lòt, nou youn solidè ak lòt, nou youn planifye ak lòt pou nou te rive kase chèn lesklavaj », esplike responsab ministè kominikasyon ak kilti a.

Daprè Luna Gourgue, direktris egzekitif akademi kreyòl la, gen yon pakèt aktivite ki ap gen pou òganize sou entenèt, nan lekòl ak Inivèsite nan kad selebrasyon mwa lang kreyòl la pou lane sa. » Ane sa, selebrasyon lang kreyòl la ap konnen yon dimansyon entènasyonal », fè konnen madam Gourgue.  » Lang kreyòl la dwe itilize nan tout sektè, nan tout domèn e menm lasyans », selon akademisyen yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …