AYITI/ENSEKIRITE:JEAN REBEL DORCENAT BAY REZON KI FÈ LI PA DEKLARE NON 11 FANMI KAP VANN ZAM NAN PEYI AN

Jean Rebel Dorcenat, manm komisyon nasyonal dezameman, demantèlman ak reyensèsyon( CNDDR), sou radyo Karayib nan emisyon Gran Boulva, fè konnen zam ki pi piti nan peyi a vann 4000 dola ameriken.

Jean Rebel Dorcenat fè entèvansyon sa nan sousi pou li esplike alafwa richès moun kap simaye zam ak minisyon nan katye popilè yo genyen an Ayiti, men tou rezon ki lakoz li pa vle di non 11 fanmi kap vann zam nan peyi a._

« Lè moun ki nan  sosyete an ap mande pou mwen fè konnen non 11 fanmi ki enplike nan vann zam nan peyi an mw pa fè sa akoz moun sa yo  gen gwo lajan nan men yo .

« Yon nèg ak yon sandal nan pye li, li pa ka ale okenn kote, li nan yon katye ki sal li achte yon zam nan pri sa », kontinye Dorcenat. » Non sèlman li achte zam nan, li jwenn mwayen pou li mete minisyon », esplike manm CNDDR la.

Manm enfliyan nan CNDDR la fè konnen yon grenn katouch vann 19$ jiska 20$ ameriken. » Si maten an nan yon sèl zam yon foul pase ak 500 bal ladann gade pou wè konbyen fwa 20$ ki fèt, sa se yon gwo mache (…) Prezidan repiblik ki te gen gwo sekirite avèk li yo disparèt li, yo asasinen li epi mwen menm ki nan lari a sou yon vye moto kounya ou mande mwen pou mwen al bay non.

Enstitisyon ki la pou sa, yo gen non yo nan men yo, ke yo fè travay yo »deklarasyon Jean Rebel Dorcenat.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …