LAFRANS/FOUTBÒL : PREZIDAN EMMANUEL MACRON PRAL JWE YON MATCH FOUTBÒL AVÈK EKIP VARYETE KLÈB FRANS

Prezidan fransè a, Emmanuel Macron pral jwe yon match foutbòl avèk Varyete Klèb Frans jedi  nan vil « Yvelines », zòn pwasi. Premye sitwayen fransè a vle jwe tout match la. Yon inisyativ pou bay bourad ak « operasyon pyès jonn »._

Prezidan fransè a ap gen pou evolye nan pòs milye defansif e lap pote nimewo 3 nan onz Varyete Klèb Frans la ki ap aliye sou teren an jedi 14 oktòb 2021 an.

Moun foutbòl ki renmen ekip Masèy la, daprè le parisien, Emmanuel Macron ap mete kranpo li nan pye li pou li jwe kont medsen ki nan sant ospitalye entèkominal   » Poissy Saint-Germain-en-Laye « . Sepandan, daprè jounal la, li mèt se yon mitan Macron ap jwe.

Emmanuel Macron, nan okazyon 50 lane Varyete a, ap gen pou li antoure ak yon pakèt gwo pèsonalite nan zafè espò tankou : Arsène Wenger, Robert Pirès, Claude Puel, Richard Gasquet elatriye.

RMC Sport fè konnen chèf Leta fransè a manifeste enterè epi volonte pou li jwe tout 90 minit match la, sepandan sèvis sekirite yo poko bay dizon yo parapò sa.

Resèt osnon benifis rankont la li pral jwenn fondasyon lopital Pari lopital-frans, Brigitte Macron ap prezide nan kad operasyon pyès jonn nan.

Kredi foto:huffpost

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …