AYITI /FÒMASYON : REKTORA INIVÈSITE LETA A SIYEN YON PWOTOKÒL AKÒ AVÈK SANT ANBILANSYE NASYONAL (CAN).

Nan yon konferans pou laprès rektora inivèsite leta a fè ledi 11 oktòb 2021 an, nan lide pou anonse gran piblik la yon fòmasyon sou sekouris yo ap ofri jèn ki nan inivèsite leta a an patenarya avèk sant anbilansye nasyonal (CAN).

Nan diskou sikonstans lan, rektè inivèsite a Pwofesè Fritz Deshommes bat bravo la kontantman pou bèl inisyativ sa inivèsite a pran avèk CAN sou titèl ministè sante piblik ak popilasyon. Pilwen, nimewo 1 inivèsite a fè konnen, fòmasyon sa vize gran nò, gran sid ak depatman lwès.

Rektè a kontinye pou li di, lap fòme 300 patisipan sou yon peryòd de yon lanne, 120 etidyan kap soti nan tout fakilte leta a sou yon peryòd de 6 mwa 20 etidyan pa seyans rès fòmasyon an vize pèsonèl inivèsite a toujou sou yon peryòd de 6 mwa.

Mesye Deshommes kontinye pou li di, fòmasyon sa fèt se lè gen katastwòf natirèl kote chak moun ka ede yon lòt ki nan bezwen.

Direktè CAN lan Doktè Didié Hérold Louis, li esplike enpòtans yon sekouris nan sosyete a. Li enpòtan pou chak moun ta gen fòmasyon sou sekouris paske lè gen katastwòf natirèl se yon moun ki gen fòmasyon nan sekouris ki sipoze rive anvan. Pilwen, doktè a fè konnen, objektif CAN se fòme pou pi piti 10 pousan popilasyon Ayisyèn lan nan domèn sekouris.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …