AYITI/SEKIRITE: KAT (4) MOUN MOURI, LA POLIS SEZI DE (2) ZAM PÈNYE NAN KAD OPERASYON KI POTE NON MACHE PRAN YO.

La polis konfime sou paj fesbouk li lanmò kat (4) endividi ak zam, lendi 11 oktòb 2021 an, nan kad yon entèvansyon yo tap fè nan zòn Pènye.

Malfra sa yo ki tap eseye piye yon antrepriz komèsyal nan zòn sila, touswit kèk ajan nan enstitisyon polisyè a ta pral fè aparisyon yo. Endividi sa yo ki tal eseye chape poul yo ta pwal bwè dlo bouch yo, aprè yon echanj kout zam ak fòs lòd yo.

Nap sinyale, entèvansyon sa fèt nan kad operasyon ki batize mache pran yo PNH ap mennen pandan dènye mwa sa yo, nan operasyon sa lapolis sezi de (2) zam.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …