AYITI/JISTIS: KOU DAPEL PA RIVE FIN TANDE DOSYE ARNEL BELIZAIRE A

Kou Dapel Pòtoprens, pa rive fin tande jounen lendi onz (11) oktòb 2021 an, dosye ansyen depite Arnel Belizaire a ak akolit li yo, Kou a ranvwaye dosye ansyen palmantè a pou uit (8) jou.

Tribinal Kou Dapèl Pòtoprens lan, te gen pou tande jounen onz (11) oktòb la ansyen depite Arnel Belizaire, Pierre Killick Senelus ki akize kòm moun ki fè konplo kont Leta. Yon desizyon ki vini akoz jij Kou Dapèl yo estime yo pat gen ase tan pou te byen tande e konprann dosye a.

Militan politik yo ki te prezan pou pote solidarite ak akize sa yo deklare  » lendi kap vini la se yo menm kap sèvi avoka moun sa yo », ke yo kalifye kòm prizonye politik.

Anbyans la ki ta pral chofe nan kou dapel nan moman bis ki te la pou tranpòte prizonye politik yo ta pral deplase pou ale penitansye nasyonal. Kèk militan tap eseye bloke bis la epi reklame jistis pou kolèg yo. Evènman sa fini ak gwo detonasyon nan zòn ki alantou kou dapèl.

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …