FOUTBÒL/ ANGLETÈ : MANCHESTER UNITED PÈDI KONT EKIP LECEISTER A

Anyen pap mache pou Cristiano Ronaldo ak koyekipye l yo nan Manchester United. Malgre Harry Maguire retounen e titilè ak Marcus Rashford ki sot sou ban ki fè gòl, makinyen yo pèdi nan yon match fou (4-2) kont ekip Leicester a samdi 16 oktòb 2021 an.

Apre defèt sa, Red Devils yo rete ak 14 pwen. E nan sans sa, yo pèdi senkyèm plas yo te genyen an pou tonbe an sizyèm pozisyon nan klasman an.

Bò kote Foxes Leicester yo ki te rate kòmansman sezon an, yo pwofite trèv ki te genyen an pou yo relanse yo kont Man United gras ak Caglar Söyüncü, Jamie Vardy e Patson Daka e kounya yo 11 pwen nan klasman chanpyona Angletè a.

Li enpòtan pou n raple Man United ap gen yon pakèt tès difisil nan semèn k ap vini an. Sa ki vle di, presyon an ap anpil sou do Cristiano Ronaldo ak antrenè li Soslkjaer nan match Lig Chanpyon mèkredi kote yo ap resevwa Atalanta, apre pou yo jwe kont Liverpool dimanch 24 oktòb 2021 nan chanpyona a.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …