Popilasyon nan komin Piyon, ki nan depatman Nò bloke wout la maten vandredi 22 oktòb 2021 an, pou pwoteste kont ratman gaz la ak zak ensekirite a ki pa sispann taye banda nan peyi a.
Manm popilasyon an ap fè pase fistrasyon yo parapò ak pwoblèm gaz la, kwaze plizyè machin an kwa nan lari a pou bloke sikilasyon an epi soude yon bann fè sou yon pon ki nan komin lan sa lakoz wout la bloke nèt.
N ap fè remake, seri mouvman leve kanpe kont pwoblèm gaz la ap fèt nan plizyè depatman ak komin rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan te konnen yon move jounen 21 oktòb 2021 an.