AYITI/JISTIS: YOUN NAN PITIT GASON ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE POTE PLENT NAN KABINÈ ENSTRIKSYON

Youn nan pitit gason ansyen prezidan Jovenel Moïse, Joverlin Moïse, pote plent nan kabinè jij enstriktè Gary Orelien ki ap enstwi dosye asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, jounen mèkredi 20 oktòb 2021 an, daprè avoka li mèt Patrick Florvilus.

Mèt Patrick Florvilus, fè konnen kliyan li an Joverlin Moïse pote tèt li kòm pati sivil epi pote plent kont « X » nan kad asasinay papa li ansyen prezidan Jovenel Moïse. Mèt Patrick Florvilus, presize pitit gason defen Jovenel Moïse la deside pote plent sa pou kapab fòse otorite nan lajistis yo fè limyè sou asasinay ansyen chèf Leta.

N ap siyale, jij enstriktè Gary Orelien k ap enstwi dosye asasinay defen Jovenel Moïse la ap sibi gwo presyon kote nèg ak zam te vin tire lakay li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …