AYITI/GAZ: GWO DIFE EKLATE KAY KÈK MOUN NAN KOMIN LIMONAD KI TAP SERE GAZ

Yon gwo dife eklate nan lannwit samdi 23 oktòb 2021 an, nan kèk kay nan komin Limonad ki nan depatman Nò. Kote manm nan popilasyon an ki abite tou prè Gawoutyè Komin Limonad la te estoke plizyè galon, doum gaz pou te revann nan mache nwa.

Selon kèk abitan nan komin Limonad, prensipal orijin dife a se gaz ki te estoke nan yon kay nan zòn lan, ki ta lakoz plizyè lòt kay boule ajan ponpye nan Komin Okap te fè Yon entèvansyon pou etèn dife sa a.

N ap siyale, pwoblèm gaz la kontinye ap pèsiste nan peyi a. Malgre, direktè jeneral biwo monetizasyon èd ak devlopman (BMPAD), Fils Aimé Ignace Saint Fleur, te fè konnen gen plizyè kagezon gazolin ak dizèl ki rantre zak ensekirite a lakoz gaz la pakab distribiye.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …