AYITI/ASASINAY : PEYI JAMAYIK PREVWA VOYE MARIO ANTONIO PALACIOS PALACIOS BAY LAJISTIS NAN PEYI AYITI.

Mario Antonio Palacios palacios, se non youn nan kolonbyen lajistis peyi Ayiti ap chache aktivman pou enplikasyon li nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse, nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 lakay li nan pèleren 5 ki chita kòl nan komin petyonvil selon rapò Direksyon santral polis jidisyè a DCPJ.

Selon rapò DCPJ a Mario Antonio Palacios palacios ki gen nasyonlite kolonbyen enplike jouk nan kou nan lanmò ansyen chèf leta a Jovenel Moïse, DCPJ menm klasel kòm dezyèm moun ki pi enpòtan pou ankèt yap mennen sou lanmò ansyen lokatè palè nasyonal la.

Selon enfòmasyon nou fè anpil konfyans, peyi kolonbi ak kèk gwo otorite ak babin nan peyi Dayiti lajistis lonje dwèt yo byen long pou enplikasyon yo nan lanmò ansyen patwon agritrans lan ap fè gwo presyon sou peyi Jamayik pou li pa voye prezime ansasen an nan peyi Ayiti.

Pilwen, Mario Antonio Palacios palacios deklare koupab, li rantre nan peyi Jamayik ilegal.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …