LEMOND/ KOWONAVIRIS: MALADI KOWONAVIRIS LA TOUNEN AK FÒS NAN PEYI LARISI

Yon lòt vag maladi kowonaviris la, frape peyi Larisi lakoz pou pi piti 1 075 moun mouri ak maladi kowonaviris ak 37 678 lòt kontamine daprè enfòmasyon otorite peyi Larisi kominike sou maladi a.

Depi mwa jen, peyi Larisi ap fè fas ak plizyè lòt vag maladi kowonaviris la, ki lakoz kantite ka yo pa sispann ogmante. Daprè,  » Rosstat » ki fè yon rapò sou ogmantasyon ka kontaminasyon yo ki estime ak 400 000 mò pou fen mwa dawout 2021 an.

Fòk nou siyale, parapò ak remonte maladi kowonaviris la majistra vil Moskou a, pran desizyon pou fèmen vil la mete tout moun nan konfinman pou 15 jou, daprè sa medya nan peyi Larisi rapòte.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …